Nan dat 26 Oktòb 2021 an, defansè dwa moun ak espè ki soti nan senk (5) peyi nan Karayib la, Ayiti, Jamayik, Giyana, Trinidad ak Tobago epi Baamas, te fè prezantasyon sou enpak aktivite endistri minye yo genyen sou dwa moun ak chanjman klimatik nan Karayib la nan kad yon odyans devan Komisyon Entè-ameriken sou Dwa Moun (IACHR). Samuel Nesner, ki se manm fondatè Kolektif Jistis Min epi yon patnè k ap travay lontan avèk Global Justice Clinic ki twouve li nan fakilte dwa NYU, te fè yon prezantasyon sou vyolasyon grav ki fèt sou dwa moun ki nan kominote yo atravè esplwatasyon min ak akapaman tè an Ayiti. Te genyen yon lòt patnè Global Justice Clinic epi manm Konsèy Minisipal Rupununi, Immaculata Casimero, ki te fè yon prezantasyon sou enpak endistri minye yo genyen sou fanm endijèn yo.
Samuel Nesner souliye pou di pandan plizyè syèk, yo tè konn espwopriye tè an Ayiti epi distribye yo bay elit yo pandan se kominote yo k ap sibi tout domaj yo. Espwopriyasyon repete tè yo, moun konnen tou sou non akapaman tè, te fòse peyizan ak fanmi yo kite tè yo, plizyè fwa sou menas vyolans epi preske toujou san konpansasyon ki kòrèk parapò ak valè tè yo te pèdi ak sous revni yo te genyen. Anpil moun kwè akapaman tè yo fèt sou baz sa ki genyen nan sòl la kòm resous: pifò kote yo pran tè nan men peyizan nan zòn riral Nò peyi a se kote moun konnen ki genyen resous natirèl. Soti 2006 pou rive 2013, gouvènman ayisyen te bay kat (4) konpayi Ameriken ak Kanadyen plis pase 50 pèmi esplwatasyon minye. Plizyè nan pèmi sa yo te bay nan vyolasyon flagran lwa Ayisyen yo, san yo pa konsilte yon douzèn kominote k ap viv sou tè kote yo bay pèmi yo, epi san yo pa te reyalize avan sa okenn evalyasyon sou enpak anviwonnmantal ak sosyal yo. Moun k ap viv nan kominote sa yo te fè konnen reprezantan konpayi yo te antre sou tè yo san pèmisyon, pran echantiyon epi fouye tou nan tè agrikòl yo.
Immaculata Casimero te fè remake endistri k ap fè estraksyon yo reprezante yon danje patikilyèman pou pèp endijèn yo, k ap fè fas ak pwoblèm ensekirite fonsyè pandan lontan. Nan pwòp teritwa Immaculata ki se Wapichan, genyen plizyè tèren tradisyonèlman endijèn yo posede ki rete san gouvènman Giyana pa rekonèt yo—sa vin rann yo vilnerab fas ak gwo konpayi k ap chèche jwenn konsesyon agrikòl sou tè yo epi fas ak konpayi minye k ap chèche min lò nan tè yo posede yo. Immaculata te ensiste pou li di lè yo pèmèt esplwatasyon fèt sou tè endijèn yo, sa gen konsekans sou eritaj kiltirèl ak fason yo viv, epi fanm yo afekte espesyalman paske se yo menm ki prensipal moun k ap transmèt epi pwoteje eritaj kiltirèl sa a. Aktivite minye pa sèlman gen domaj sou eritaj kiltirèl yo men tou sou sante kominote a: li lakoz yon anpwazonnman mèki akoz kontaminasyon sous dlo ki esansyèl yo epi agrave efè chanjman klimatik yo, avèk inondasyon, rannman pwodiksyon danre ki bese epi ògmante ensekirite alimantè. Prezans nouvo anplwaye minye soulve tou preyokipasyon sosyal, tankou ogmantasyon vyolans ki baze sou ‘jan’ ak pwostitisyon.
Aprè entèvansyon prezantatè yo, manm Komisyon IACHR yo te felisite prezantatè yo pou jefò yo te fè pou panche sou pwoblèm ijan enpak endistri minye yo kreye nan Karayib la. Komisè Margaret May Macauley (ki soti Jamayik) te esprime preyokipasyon li genyen sou ‘gwo mank enfòmasyon ak konsiltasyon ki pa genyen avan majorite, si se pa tout, konpayi minye yo kòmanse fonksyone. Sa vle di, gouvènman Eta sa yo gen kontra avèk konpayi yo san yo pa bay moun ki ap viv nan tè yo, sou tè yo oswa bò lanmè yo epi yo pa t angaje nan okenn konsiltasyon avèk yo avan sa…Moun yo rete san okenn pwoteksyon.” Sètènman sa rive an Ayiti epi Giyana kote konpayi etranje yo pwofite de tè peyizan ayisyen yo plizyè fwa ak pèp Wapichan nan san okenn konsiltasyon avan sa pou pale yo de itilizasyon yo pral fè ak tè peyizan yo.
Gade anrejistreman odyans nan IAHCR la isit la.
Your information has been sent successfully!