Commentary
Solidarite, men se pa Lacharite: Distribisyon Èd COVID la an Ayiti Montre Egzanp yon Solidarite ki Efikas
January 1, 1970

Yon lidèchip ayisyen nan distribisyon èd an Ayiti demontre kijan moun ki pi pwòch pwoblèm nan se yo ki pi byen plase pou rezoud li. Sa dwe ankouraje solidarite ak kominote yo olye yo pote èd ba yo aprè pasaj yon katastwòf. 

Moun ki ekri li se Vincenot Diedo Vixamar* ak Ellie Happel

Kèk jou ak semenn aprè tranblemantè mayitid 7.2 ki te frape rejyon Sid peyi Dayiti nan mwa Dawout 2021 an, ONG ki baze Ozetazini ak Human Rights Watch te fè pati enstitisyon ki te ankouraje pou genyen yon apwòch ki baze sou respè dwa moun yo nan distribisyon èd yo. Anpil moun te mete yo dakò, aprè tranblemantè ki te frape Pòtoprens sa gen plis pase 11 lane, pou di apwòch pou distribye èd la dwe chanje.

Pandan premye mwa yo te dekouvri pandemi COVID la, genyen yon òganizasyon ayisyen ki rele Sosyete Kiltirèl Jen Ayisyen(SOKIJA), ki te devlope jefò solidarite pou distribye lajan ak materyèl sanitè an ijans bay fanmi k ap viv nan kominote riral ki nan rejyon nò peyi Dayiti. Nan mwa jen ak jiyè lane 2020, SOKIJA te pote sipò li bay plis pase 180 fanmi nan 6 sou 10 depatman peyi Dayiti. Sipò finansye sa soti nan yon sibvansyon $ 53 000 (dola ameriken) li te resevwa nan men Avaaz, gras ak èd pèsonèl ak kolèg Global Justice Clinic ki twouve yo an Ayiti. SOKIJA te devlope epi aplike yon metodoloji pou pote solidarite ekonomik ki te respekte, olye pou ta diminiye, diyite moun k ap resevwa èd la. Ti egzanp sa ka sèvi pou bay enfòmasyon nan lide pou ede lòt jefò distribisyon èd ak lit kont povrete ki ka genyen pi devan nan peyi Dayiti ak lòt kote.

COVID nan zòn Riral an Ayiti

Ayisyen rele moun nan zòn riral yo “moun andeyò.” Yo twouve yo andeyò gwo vil yo, lwen pou gen aksè ak sèvis piblik yo, epi, malerezman, lwen tout konvèsasyon sou kijan y ap konstwi avni peyi a. Genyen yon aktivis kominotè k ap viv nan yon zòn ki lwen nan depatman Nòdès peyi a, ki twouve li yon kote moun dwe mache plizyè èdtan a pye, sou moto epi nan bis pou rive Pòtoprens, te di yon fwa: “N ap viv nan yon Leta ki pa janm entegre nou nan lavi politik peyi a.”

Yo te detekte premye ka COVID moun te konnen nan dat 20 Mas 2020. Patnè nou genyen nan Pòtoprens yo te preyokipe pou konnen kijan kamarad k ap viv nan rejyon riral yo t ap fè fas ak chòk ekonomik sa a. Yo te konnen moun ki nan zòn andeyò yo pa t gen aksè pou jwenn solisyon idwo-alkolik (sanitayzè), mas ak lòt materyèl yo bezwen pou anpeche pwopagasyon viris la. Si yo te tonbe malad, yo pa t ap gen aksè ak swen sante ki fyab. Patnè nou genyen nan Pòtoprens yo te kòmanse rasanble enfòmasyon sou kijan fanmi ki twouve yo nan rezo lidè kominotè ki nan zòn riral yo ap jere sa. Mete kanpe rezo sa se fwi travay Kolektif Jistis Min (KJM),li menm ki te fonde an 2012 ki te gen misyon pou founi je gade sou sektè esplwatasyon min lò ki t ap emèje an Ayiti epi defann dwa kominote ki afekte yo. Youn nan reyalizasyon dirab KJM se te kreyasyon rezo òganizasyon ak lidè ki genyen bon jan repitasyon nan zòn riral yo. SOKIJA te fonde nan Nòdwès peyi Dayiti epi li fè pati rezo KJM nan tou.

Leson pou nou tire: se Solidarite, men se pa Lacharite

1. Aplike yon metòd patisipatif nan Desizyon k ap pran yo

SOKIJA te met de (2) ekip kanpe: youn se yon ekip ki la pou dirije epi ki responsab planifikasyon ak distribisyon kòb la epi lòt la se te yon ekip ki te sou tèren ki te genyen 30 lidè òganizasyon kominotè ladan l. Ekip ki te sou tèren an te jwe yon wòl prensipal nan gwoup k ap pran desizyon an. SOKIJA te pote sipò sèlman kote yo genyen yon reprezantan lokal ki li menm te travay kòm manm ekip ki sou tèren an.

2. Respekte Diyite moun yo

SOKIJA te vle itilize yon apwòch ki diferan nan fason distribisyon èd konn fèt an Ayiti. Souvan, ONG entènasyonal yo chita sou foto “benefisyè” yo pou fè leve fon (mande lajan). Kèk fwa foto yo konsantre oswa rive menm egzajere nan prezante bezwen moun yo. SOKIJA te konnen, pran foto moun yo epi ba yo yon anvlòp souvan fè moun yo santi yo pi vilnerab epi santi diyitite vyole. Sa vle di SOKIJA pa t ap pran foto okenn moun ki te resevwa sipò oswa ki te patisipe nan pwosesis distribisyon an. Li vle di tou SOKIJA te bay yon sipò lajan kach olye li bay kit alimantè ak materyèl ijans konsa moun ki resevwa kòb la ka itilize li pou achte sa yo menm yo bezwen epi daprè priyorite yo genyen.

3. Achte Lokal

SOKIJA te ankouraje moun ki resevwa lajan kach yo pou yo achte manje ki pwodui nan lokalite a pou sipòte ekonomi lokal la epi fè pwomosyon yon konsomasyon ki p ap afekte sante moun yo. Menm si anpil ONG distribye èd alimantè, SOKIJA remake anpil fwa gen anpil nan manje ki pwodui nan zòn riral yo—tankou mango, lam veritab ak pwa— ki rete ap gate paske òf la pi gran pase demann nan. Plantè yo souvan pa gen okenn mwayen pou transpòte pwodui nan zòn ki gen plis moun yo. Sa se youn nan plizyè konsekans mank total envestisman ki genyen nan agrikilti a.

4. Fè Pwomosyon Konbit

Konbit se fòm kolaborasyon tradisyonèl nan travay agrikòl nan zòn riral an Ayiti. Konbit fè pati kilti ayisyen an. Mo sa itilize pou dekri lòt jefò tèt ansanm tankou konstriksyon bibliyotèk kominotè oswa devlope yon plan pledwaye an gwoup. SOKIJA te ankouraje fanmi ki te resevwa lajan yo pou pataje li sou fòm konbit, sa vle di mete yon pati nan lajan an disponib pou ede vwazen ki pa t resevwa anyen yo patisipe pou fè yo santi yo byen. Atravè evalyasyon yo te fè, SOKIJA te aprann genyen plis moun toujou ki benefisye akoz distribisyon sa pase kantite fanmi ki te resevwa lajan ak materyèl yo.

5. Enpòtans Transparans genyen

SOKIJA ak manm ekip ki te sou tèren an te pale ak tout franchiz epi byen klè ak tout moun ki te resevwa lajan yo: kantite lajan ki te distribye a, kantite fanmi ki te resevwa sipò a ak kantite lajan chak fanmi te resevwa. Transparans sa ka ede fanmi yo pataje sa yo resevwa lè yo genyen bon jan enfòmasyon sou èd la.

Solidarite

Jefò pou pote èd epi ranfòse kapasite kominote a dwe fèt sou baz enfòmasyon, si se pa moun k ap viv tou pwòch pwoblèm yo ki ap fè sa. Solidarite mande pou moun ki afekte yo fè pati rezolisyon pwoblèm nan epi evite pou moun ki deyò enpoze solisyon pa yo. Sa aplikab pou pi gwo defi ki genyen nan rechèch solisyon pou opresyon sistemik ki genyen an Ayiti a—kote genyen plizyè santèn lane esplwatasyon ak esklizyon epi entèvansyon ki pwodui yon vyolans estriktirèl ak inegalite. Gen yon atik ki soti dènyeman ki pale sou solidarite nan nivo sistemik, epi ki sijere pou yo itilize abolisyon kòm yon kad travay ak reparasyon kòm eleman kle pou genyen yon jistis k ap transfòme bagay yo an Ayiti.

Aprè tranblemantè ki tè ki te frape rejyon Sid la an Ayiti, imaj ki te sou Twitter ak nan laprès te montre Ayisyen k ap fouye nan dekonm pou chèche moun ki pa mouri, k ap rasanble kit ijans epi k ap monte mòn pou atenn kominote ki pi lwen yo. Se yon èd tèt ansanm ant ayisyen ki fèt nan lespri solidarite epi nan objektif pou genyen otodetèminasyon (granmoun tèt yo) ak liberasyon. Nou tout dwe sipòte li.

* Vincenot Diedo Vixamar te resevwa yon fòmasyon pou vin sikològ. Li travay avèk anpil òganizasyon ki nan mouvman sosyal an Ayiti epi li ap travay kòm Sekretè Egzekitif SOKIJA. Li baze li nan Pòtoprens, Ayiti.

RSVP
Degree

Your information has been sent successfully!