CLIMATE AND ENVIRONMENT

Akapaman Tè An Ayiti Vyole Dwa Fanm Yo Epi Agrave Kriz Klimatik La, Deklare Òganizasyon K Ap Defann Dwa Yo

Dokiman Global Justice Clinic nan NYU ak Solidarite Fanm Ayisyèn depoze devan Rapòtè Espesyal Nasyonzini sou Vyolans Kont Fanm prezante konsekans dappiyanp sou tè ki fèt ak vyolans kont fanm nan Savane Diane

Español | English

Dappiyanp sou tè, avèk anpil vyolans ki lakoz deplasman fanm peyizan ki t ap travay latè nan Savane Diane se yon aksyon ki reprezante vyolans k ap fèt sou fanm epi ki agrave vilnerabilite klimatik la, se sa Global Justice Clinic ki nan Inivèsite New York ak Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) te di Rapòtè Espesyal Nasyonzini sou Vyolans Kont Fanm nan yon dokiman yo te depoze nan biwo li semenn pase a. Dappiyanp sou tè nan Savane Diane, ki mete SOFA deyò sou tè li te konn itilize pou anseye fanm teknik agrikòl ekolojik epi dirab, se youn nan egzanp pami tout lòt zak dappiyanp sou tè ki te fèt pandan dènye mwa sa yo. Dappiyanp sou tè an Ayiti ap ogmante pandan sistèm jistis la li menm pa genyen kapasite pou pote repons.

“Nou mande Rapòtè Espesyal la pou li panche sou pwoblèm nan paske nou pa rive jwenn jistis an Ayiti,” se deklarasyon Sharma Aurelien, ki se Direktris Egzekitif SOFA. “Tè sa te kontribye nan ede fanm yo konbat povrete epi nan enterè tout sosyete a” daprè sa li fè konnen.

An 2020, nèg ak zam itilize gwo ponyèt ak vyolans epi fòse manm SOFA kite tè a.  Se tè gouvènman ayisyen an te bay yo dwa pou yo menm sèlman itilize li. Plizyè manm SOFA te resevwa anpil kou anba men yo.  SOFA te aprann genyen yon konpayi ki nan Agwo-endistri ki rele Stevia Agro Industries S.A., ki t aprevandike li genyen tit pwopriyete pou tèren an pou yo kiltive ‘stevia’ pou voye vann lòtbò. Gouvènman ayisyen an te anile dwa li te bay SOFA a pou itilize tè a, san okenn pwosedi jidisyè, epi nan kòmansman ane 2021 an, ansyen Prezidan Jovenel Moïse, ki te la alepòk, fè tè a tounen yon zòn franch agwo-endistriyèl atravè yon dekrè egzekitif.

“Minis Agrikilti a mete tèt li nan plas jij pou pran pozisyon pou Stevia Industries epi pèmèt li kontinye aktivite yo pandan SOFA te resevwa lòd pou li kanpe sou aktivite pa li yo,”daprè Marie Frantz Joachim, ki se manm kòdinasyon nasyonal SOFA.

Nan dokiman enstitisyon yo te depoze a, yo souliye jan dappiyanp sou tè a agrave vyolasyon dwa yo. Sa agrave povrete a ak ensekirite alimantè nan zòn nan, epi fanm k ap chèche travay pou Stevia Industries yo ap fè fas ak esplwatasyon seksyèl epi ak moun ki vòlè salè yo. Dappiyanp sou tè vyole tou dwa pou abitan yo jwenn dlo, nan yon kontèks kote kriz klimatik la ap vin pi mal: nan 8600 ekta tè yo sezi yo pou pwodiksyon stevia a, genyen twa (3) rezèv dlo leta pwoteje.

“Nou pèdi rezèv dlo nou yo paske yo vin [pou konpayi] a kounya. Pandan tan sa a, nou ap viv yon gwo kriz dlo,”se deklarasyon Esther Jolissaint, ki se yon manm SOFA ki afekte nan Savane Diane.

Chanjman klimatik, dappiyanp sou tè ak vyolans kont fanm se plizyè fenomèn ki makonnen youn ak lòt, daprè sa enstitisyon yo fè konnen. Yo toujou rekonèt Ayiti kòm youn nan senk (5) peyi ki pi afekte akoz kriz klimatik la. Dappiyanp sou tè se petèt alafwa rezilta vilnerabilite klimatik la ak ensifizans resous yo, menm jan tou dappiyanp sou tè a kapab agrave vilnerabilite klimatik la, paske tè agrikòl vin pi ra chak jou pi plis pandan y ap itilize yo pou fè monokilti oubyen pou lòt aktivite endistriyèl ki ap degrade anviwònman an. Fanm yo pi ekspoze nan sitiyasyon sa.

“Dwa pou fanm nan zòn riral yo jwenn tè ak resous agrikòl se yon bagay ki fondamantal pou garanti dwa yo genyen kòm moun, epi sipòte rezilyans klimatik la,” daprè Sienna Merope-Synge, ki se Ko-Direktris Inisyativ Jistis Klimatik nan Karayib la nan GJC. Yo dwe rekonèt dappiyanp sou tè ki fèt kont fanm kòm yon fòm vyolans kont fanm,” selon sa li kontinye pou li di.

Dokiman sa a ki depoze nan tèt kole ant enstitisyon yo, konsantre li sou apèl SOFA lanse pou genyen reparasyon ak restitisyon pou fanm ki afekte akoz dappiyanp tè sa. Li prezante tou apèl SOFA ak mouvman sosyal Ayisyen yo lanse pou genyen pi gwo pwoteksyon sou dwa pou peyizan genyen tè, nan moman kominote riral yo ap fè fas ak ogmantasyon ka dappiyanp sou tè k ap fèt nan peyi a. Kominote entènasyonal la dwe panche plis sou pwoblèm nan epi denonse li, daprè sa enstitisyon yo fè konnen. “Nou ap mande solidarite bò kote lòt moun ki angaje yo nan batay mondyal ki genyen pou garanti respè dwa moun,” daprè sa Aurelien fini pou li di.

Pòs sa a te pibliye kòm yon lage laprès sou 5 avril 2022.

Pòs sa a reflete deklarasyon Global Justice Clinic la epi li pa nesesèman opinyon NYU, NYU Law, oswa Center for Human Rights and Global Justice.