CLIMATE AND ENVIRONMENT

Reparations Primer: What is Haiti Owed?

The Global Justice Clinic’s Reparations Primer: What is Haiti Owed? explores Haiti’s case for reparations and shares information on reparations intended to inform and inspire advocates and movements in Haiti and beyond.


Klinik Jistis Mondyal la (Global Justice Clinic), nan dokiman li pibliye ki rele Reparasyon: Kisa yo dwe Ayiti?, egzamine rezon ki fè Ayiti gen dwa mande reparasyon. Dokiman an pataje enfòmasyon sou reparasyon pou ede moun ak mouvman k ap goumen pou jistis ann Ayiti ak nan lòt peyi jwenn plis konesans, enspirasyon ak zouti pou mennen batay yo.

The Primer consists of four chapters: (1) the purposes of reparations and the current state of movements for reparations around the world; (2) the forms of reparations–restitution, compensation, rehabilitation, satisfaction, and guarantees of non-recurrence, providing an idea of what each form could look like in Haiti, while emphasizing that Haitian people must determine their reparations demands; (3) the legal right to reparations and Haiti’s legal claims; and (4) four case studies of movements for reparations that illustrate some of the content in the first three chapters. 

The Primer presents Haiti as the exemplary case for reparations due to its historic role in emancipation from slavery, France’s imposition of an independence ransom on the country, and Haiti’s contribution to freedom struggles around the world. 


Dokiman an gen kat chapit: (1) Poukisa reparasyon enpòtan: Premye chapit la esplike objektif reparasyon yo epi prezante kote mouvman k ap goumen pou reparasyon yo rive jounen jodi a nan divès peyi sou latè; (2) Diferan fòm reparasyon yo: Dezyèm chapit la prezante senk fòm reparasyon: restitisyon, dedomajman, reyabilitasyon, mezi rekonesans ak reparasyon moral, ansanm ak garanti pou menm enjistis yo pa janm rive ankò. Li bay egzanp sou fason chak fòm reparasyon sa yo ta ka aplike ann Ayiti. Men, li mete aksan sou yon prensip fondamantal: se pèp ayisyen an menm ki dwe deside ki reparasyon li vle mande; (3) Dwa legal pou jwenn reparasyon: Twazyèm chapit la esplike dwa pou jwenn reparasyon selon lalwa, epi li egzamine reklamasyon legal Ayiti kapab fè pou mande reparasyon; ak (4) Egzanp batay pou reparasyon: Katriyèm chapit la prezante kat etid ka sou mouvman k ap goumen pou reparasyon nan diferan kontèks. Egzanp sa yo ede montre kijan kèk nan lide ak prensip ki prezante nan twa premye chapit yo aplike nan pratik.

Dokiman an prezante Ayiti kòm youn nan egzanp ki pi enpòtan nan batay pou reparasyon, poutèt wòl istorik peyi a te jwe nan lit pou abolisyon esklavaj, ranson Lafrans te fòse Ayiti peye pou l te rekonèt endepandans li, ansanm ak gwo kontribisyon Ayiti nan lit pou libète lòt pèp atravè lemond.